Genesis 19:3
Men Lòt te fòse yo sitèlman, y' al lakay li avè l'. Lòt pare yon bon manje pou yo, li fè pen san ledven. Epi yo manje.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 18:6Abraram kouri lakay li, li ale jwenn Sara. Li di l' konsa. Fè vit. Pran trant liv farin bon kalite, mouye l', fè pen.
Exodus 12:15Pandan sèt jou, se pou nou manje pen ki fèt san ledven. Depi premye jou nan mwa a, n'a wete tout ledven anndan lakay nou, paske depi premye jou a, rive sou setyèm jou a, si yon moun gen malè manje pen ki gen ledven ladan l', se pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la.
Judges 6:19Se konsa, Jedeyon antre, li kwit yon jenn ti kabrit. Li pran yon mamit farin frans, li fè pen san li pa mete ledven ladan l'. Li mete vyann lan nan yon ti panyen, li mete sòs vyann lan nan yon gode, li pote yo bay zanj Seyè a anba pye chenn lan. Li lonje yo ba li.
2 Kings 4:8Yon jou, Elize t'ap pase lavil Chounèm kote te gen yon madanm ki te gen bon ti mwayen. Madanm lan fann dèyè l' pou li vin manje avè l'. Depi lè sa a, chak fwa Elize pase lavil Chounèm, se lakay madanm sa a l' al manje.
Luke 11:8M'ap di nou sa: Menm si li pa ta leve pou l' ba li biswit yo paske li se zanmi l', li gen pou l' leve pou l' ba li tou sa li bezwen, si zanmi an pa wont kontinye mande li.
Luke 24:28Lè yo rive toupre ti bouk kote yo t'ap prale a, Jezi fè tankou li ta vle al pi lwen.