Genesis 19:28
Li voye je l' bò Sodòm ak Gomò, li wè tout plenn lan. Epi li rete konsa li wè gwo lafimen ap moute soti nan tè a tankou lafimen k'ap leve nan yon gwo founo dife.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Nan granmaten, Abraram leve, li ale kote li te kanpe ap pale ak Seyè a.
Cross References
Psalms 107:34Li te fè tè ki konn bay bèl rekòt yo tounen salin, paske moun ki t'ap viv la a t'ap fè twòp mechanste.
2 Peter 2:7Men, li te delivre Lòt, yon nonm dwat ki te pran lapenn lè l' te wè move bagay mechan yo t'ap fè.
Revelation 9:2Zetwal la louvri pi ki mennen nan gwo twou san fon an. Yon gwo lafimen soti ladan l', tankou lafimen yon gwo fou k'ap boule. Lafimen ki t'ap soti nan pi a bouche solèy la. Sièl la vin tou nwa.
Revelation 18:9Tout wa latè ki te lage kò yo nan fè imoralite ak nan pran plezi avè l' yo pral rele, yo pral kriye, yo pral plenn sò lavil la, lè y'a wè lafimen dife k'ap boule l' la.
Revelation 19:3Yo t'ap di ankò: Lwanj pou Bondye! Paske lafimen dife k'ap boule gwo lavil la ap moute pou tout tan.