Apokalips 9:2
Zetwal la louvri pi ki mennen nan gwo twou san fon an. Yon gwo lafimen soti ladan l', tankou lafimen yon gwo fou k'ap boule. Lafimen ki t'ap soti nan pi a bouche solèy la. Sièl la vin tou nwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 15:17Apre solèy fin kouche, te fè nwa anpil. Epi men li, yon recho ki t'ap fè lafimen ansanm ak yon gwo bwa dife tout limen parèt. Yo pase nan mitan moso vyann bèt yo.
Exodus 10:21Seyè a di Moyiz ankò: -Lonje men ou anlè pou fènwa kouvri peyi Lejip la, yon fènwa sitèlman pwès moun ta ka santi li anba men yo.
Isaiah 14:31Nou menm k'ap veye pòtay lavil moun Filisti yo, nou mèt plenn kont kò nou! Nou menm ki rete anndan lavil yo, nou mèt pouse kont rèl nou. Nou tout moun peyi Filisti yo, nou mèt tranble nan tout kò nou. Yon nwaj nwa ap vini soti nan nò. Se yon gwo lame. Pa gen yonn nan sòlda li yo k'ap fè kazwèl!
Joel 2:10Tè a souke lè y'ap mache vini. Syèl la tranble. Solèy la ak lalin lan vin tou nwa, zetwal yo pa klere nan syèl la ankò.
Acts 2:19Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la, mwen pral fè mirak anba sou latè! Va gen san, dife ak gwo nwaj lafimen.
Revelation 9:17Men ki jan mwen te wè chwal yo ak kavalie yo nan vizyon an: Kavalie yo te gen yon kalite chemiz an fè pou pwoteje lestonmak yo. Chemiz yo te wouj kou dife, ble kou digo, jòn kou safran. Tèt chwal yo menm te tankou tèt lyon. Dife ansanm ak lafimen epi souf t'ap soti nan bouch yo.