Genesis 20:6
Bondye reponn li nan rèv la. Wi. Mwen konnen ou fè sa ou fè a san ankenn move lide dèyè tèt ou. Se poutèt sa mwen pa kite ou fè peche sa a kont mwen. Mwen pa kite ou fè madanm lan anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 3:3Men, kanta pou pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di. Piga nou manje ladan l', piga nou manyen l' menm. Sinon, n'ap mouri.
Genesis 26:11Se konsa Abimelèk pase lòd sa a bay tout pèp la: -Si yon moun manyen nonm sa a, osinon madanm li, y'ap touye l'.
Genesis 35:5Apre sa, yo pati. tout moun ki te rete nan zòn lan te vin pè Bondye anpil. Yo yonn pa leve al rapouswiv pitit Jakòb yo.
Exodus 34:24Lè m'a fin mete lòt nasyon yo deyò pou fè plas pou nou, lè m'a fin laji teritwa nou an, pesonn p'ap gen lanbisyon pou yo seye vin pran peyi a nan men nou lè n'a moute chak lanne pou parèt devan mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, pou fete twa fèt sa yo.
1 Samuel 25:26Se Seyè a menm ki anpeche ou mete san deyò pou pran revanj ou. Koulye a, mwen fè sèman devan Seyè a ak devan ou menm, mèt mwen, se pou tout lènmi ou yo, tout moun ki ta vle fè ou mal, fini tankou Nabal.
Psalms 51:4(051:6) Se kont ou menm menm mwen peche-pa kont lòt moun. Mwen fè bagay ou pa dakò pou moun fè. Se sak fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije.