Genesis 21:17
Bondye tande rèl pitit la. Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Aga, li di l' konsa-Sa ou genyen, Aga? Ou pa bezwen pè. Kote Bondye ye a, li tande rèl ti pitit la.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Leve non, pran ti pitit la, kenbe l'. M'ap fè pitit pitit li yo tounen yon gwo nasyon.
Cross References
Genesis 15:1Apre bagay sa yo, Abram fè yon vizyon. Li wè Seyè a ki t'ap pale avè l'. Seyè a di l' konsa. Abram, ou pa bezwen pè anyen. Se mwen menm k'ap pwoteje ou. M' sere yon gwo gwo rekonpans pou ou.
Genesis 16:9Zanj Seyè a di l'. Tounen lakay metrès ou, soumèt ou devan li.
Genesis 46:3Bondye di li: -Mwen se Bondye, Bondye papa ou la. Ou pa bezwen pè desann ale nan peyi Lejip paske m'ap fè pitit pitit ou yo tounen yon gwo pèp laba a.
Exodus 14:13Moyiz reponn pèp la: -Nou pa bezwen pè. Pran kouraj. Louvri je nou pou nou wè jan Seyè a pral delivre nou jòdi a. Moun peyi Lejip sa yo nou wè jòdi a, nou p'ap janm wè yo ankò.
Exodus 22:27Paske, se sèl rad li gen pou l' mete sou li pou fredi pa bat li. Kisa pou l' mete sou li pou l' kouvri aswè? Si li rele mande m' sekou, m'a reponn li paske mwen gen bon kè.
1 Samuel 11:5Sayil t'ap antre sot nan jaden ak bèf li yo. Li mande sa ki genyen, pouki tout moun t'ap rele konsa. Yo di l' sa moun lavil Jabès yo te vin di yo.