Genesis 22:11
Men, zanj Bondye a rete nan syèl la, li rele l': -Abraram! Abraram! Abraram reponn. -Men mwen wi!
Bib La
In The King James Version
In Context
10Apre sa, li lonje men l', li pran kouto a pou l' koupe kou ti gason an.
Cross References
Genesis 16:9Zanj Seyè a di l'. Tounen lakay metrès ou, soumèt ou devan li.
Genesis 22:1Apre tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram pou wè sou ki pye li ye avè l'. Bondye rele l' -Abraram! Abraram! Abraram reponn-Men mwen wi!
Genesis 22:16-Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou m' beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa t' refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an.
Genesis 46:2Jou lannwit sa a, Bondye pale ak Izrayèl nan rèv, li di l': -Jakòb! Jakòb! Jakòb reponn: -Men mwen wi.
Judges 2:1Zanj Seyè a kite Gilgal, li moute nan Kriye. Li di pèp Izrayèl la konsa: -Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen fè nou antre nan peyi mwen te pwomèt zansèt nou yo. Mwen te di mwen p'ap janm kase kontra mwen te pase ak nou pou tout tan an.
1 Samuel 3:10Seyè a vini, li kanpe, epi li rele l' jan l' te fè l' anvan an: -Samyèl! Samyèl! Samyèl reponn: -Pale non! Sèvitè ou la ap koute ou!