Genesis 22:12
Zanj lan di l' -Pa leve men ou sou ti gason an. Pa fè l' anyen. Koulye a mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pa t' derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Men, zanj Bondye a rete nan syèl la, li rele l': -Abraram! Abraram! Abraram reponn. -Men mwen wi!
Cross References
Genesis 20:11Abraram reponn li. Mwen te di nan kè m' pa gen moun ki gen krentif pou Bondye bò isit la. Mwen tè kwè yo ta ka touye m' poutèt madanm mwen.
Genesis 26:5tout sa, paske Abraram te tande m' lè m' te pale avè l', li te swiv tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen yo. Li te fè tout sa mwen mande l', li te obeyi tout lwa mwen yo.
Exodus 20:20Moyiz di pèp la: -Nou pa bezwen pè. Bondye vini pou wè kote nou ye avèk li. Li vle pou nou toujou gen krentif pou li, pou nou pa lage kò nou nan fè peche.
1 Samuel 15:22Lè sa a, Samyèl di l' konsa: -Dapre ou, kisa Seyè a pito: yon moun k'ap ofri bèt pou boule nan dife, k'ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di l' fè a? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Seyè a di l' fè a pase pou l' touye bèt ofri pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou l' ofri bèl belye chatre pou Seyè a.
Job 5:19Lapo delivre ou nan tout move pa. Ankenn malè p'ap tonbe sou ou.
Psalms 1:6Paske, Seyè a konnen jan moun ki fè byen yo ap viv. Men, jan mechan yo ap viv la, yo gen pou yo fini mal.