Genesis 24:65
Li mande domestik la: -Ki msye sa a k'ap mache vin jwenn nou nan jaden an? Domestik la reponn li: -Se mèt mwen an wi. Rebeka pran yon vwal, li bouche figi l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
64Menm lè a tou, Rebeka leve je l', li wè Izarak. Li desann chamo a.
66Domestik la rakonte Izarak tout sa li te fè.
Cross References
Genesis 38:14Se konsa, Tama wete rad vèv ki te sou li a, li kouvri tèt li ak yon vwal, li al chita bò pòtay lavil Enayim, sou chemen ki mennen Timna a. Li te wè Chela te fin gran, men Jida pa t' pran l' bay Chela pou madanm.
1 Corinthians 11:5Men, si yon fanm pa mete anyen sou tèt li lè l'ap lapriyè osinon lè l'ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte mari li. Se tankou si se te yon fanm ki te gen tèt li kale.
1 Timothy 2:9Mwen ta renmen tou pou medam yo abiye yon jan ki kòrèk, tou senp, san fè endesans. Yo pa bezwen nan fè gwo kwafi, mete gwo bijou lò ak bèl grenn pèl ni rad ki koute chè sou yo.