Genesis 25:30
Li di Jakòb konsa: -M'ap mouri grangou. Tanpri, ban m' ti gout nan bouyon pwa wouj ou a. Se poutèt sa yo te bay Ezaou yon lòt ti non. Yo te rele l' Edon.
Bib La
In The King James Version
In Context
29Yon jou, Jakòb te fin kwit yon bon bouyon, Ezaou antre sot nan jaden, li te bouke anpil.
31Men Jakòb di l': -M'ap ba ou ti gout si ou vann mwen dwa ou kòm premye pitit.
Cross References
Genesis 32:4Men sa li ba yo lòd pou yo di: -Men sa n'a di Ezaou, mèt mwen: Jakòb, nèg pa ou la, voye di ou konsa, li te pase tout tan sa a lakay Laban. Se poutèt sa li te pran tout reta sa a pou l' tounen.
Genesis 36:8Se konsa Ezaou, yo rele Edon tou, al rete nan mòn Seyi.
Genesis 36:19Se te non tout pitit pitit Ezaou yo sa. Yo te rele Ezaou Edon tou. Se yo ki te chèf branch fanmi yo.
Exodus 15:15Ata chèf peyi Edon yo te pè anpil. Vanyan gason peyi Moab yo pran tranble. Tout moun nan peyi Kanaran pèdi kouraj.
Deuteronomy 23:7Pa meprize moun Edon yo. Se moun menm ras avè nou yo ye. Pa meprize moun peyi Lejip yo non plis, paske yon lè se nan peyi yo nou te rete.
Obadiah 1:1Mesaj pwofèt Abdyas sou peyi Edon. Men mesaj Seyè a te ban mwen: Nou te tande mesaj Seyè a te bay la. Li te voye mesaj li a nan tout nasyon yo pou di yo: Annavan! Leve non! Ann mache pran Edon! Ann al goumen avè l'!