Genesis 32:4
Men sa li ba yo lòd pou yo di: -Men sa n'a di Ezaou, mèt mwen: Jakòb, nèg pa ou la, voye di ou konsa, li te pase tout tan sa a lakay Laban. Se poutèt sa li te pran tout reta sa a pou l' tounen.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Jakòb voye kèk komisyonè devan al jwenn Ezaou, frè li a, nan peyi Seyi, kote Edon te rete a.
5Li gen bèf, bourik, mouton, kabrit, domestik ak sèvant. Li voye di ou sa pou ou ka fè pa l'.
Cross References
Genesis 4:7Si sa ou te fè a te byen, ou pa ta rive nan sitiyasyon sa a. Men, paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou. L'ap tann konsa lè pou l' pran tèt ou. Men, ou menm, se pou ou kenbe tèt ak li.
Genesis 25:30Li di Jakòb konsa: -M'ap mouri grangou. Tanpri, ban m' ti gout nan bouyon pwa wouj ou a. Se poutèt sa yo te bay Ezaou yon lòt ti non. Yo te rele l' Edon.
Genesis 27:37Izarak reponn Ezaou: -Mwen mete l' chèf sou ou. Mwen fè tout rès fanmi an tounen moun k'ap sèvi l'. Mwen ba li mezi pwovizyon l'. Kisa m' ka fè pou ou ankò, pitit mwen?
Genesis 32:18W'a reponn li: Se pou Jakòb, nèg pa ou la. Se yon kado li voye bay Ezaou, mèt mwen an. Li menm, li dèyè, l'ap vini.
Genesis 33:14Tanpri, mèt mwen, ou mèt pran devan nèg pa ou la, mwen menm m'ap vin dèyè ti pa ti pa, jan bèt yo ak timoun yo ka mache, jouk m'a rive lakay ou nan peyi Seyi.
Genesis 36:9Men pitit pitit Ezaou, papa moun Edon yo ki rete nan mòn Seyi a.