Genesis 26:25
Izarak bati yon lotèl la, li fè sèvis pou Seyè a. Li moute kay li la. Domestik li yo fouye yon lòt pi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 8:20Noe bati yon lotèl. Li pran yonn nan chak kalite bèt ak zwazo ki bon pou moun manje, li touye yo, li boule yo nèt sou lotèl la.
Genesis 12:8Apre sa, li pati ankò, li ale nan mòn ki toupre lavil Betèl, sou bò solèy leve. Li moute tant li la. Betèl te sou bò lanmè, Ayi te sou bò solèy leve. Abram bati yon lotèl pou Seyè a la tou, epi li fè sèvis pou li.
Genesis 13:18Se konsa, Abram ranmase tout zafè l', li vin rete bò pye bwadchenn Manmre yo, toupre Ebwon. Se la li bati yon lotèl pou Seyè a.
Genesis 26:32Menm jou sa a, domestik Izarak yo vin ba l' nouvèl pi yo t'ap fouye a. Yo di l': -Nou jwenn dlo.
Genesis 35:1Bondye di Jakòb: -Leve non, moute al Betèl, epi rete la. Bati yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou lan, lè ou t'ap kouri pou Ezaou, frè ou la.
Psalms 116:17M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi.