Genesis 29:2
Li rete konsa, li wè yon pi nan mitan savann lan. Te gen twa bann mouton ki te kouche bò pi a. Se nan pi sa a yo te konn pran dlo pou bay bèt yo bwè. Men te gen yon gwo wòch ki te bouche bouch pi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Jakòb pran mache ankò, li ale nan direksyon peyi moun ki rete bò kote solèy leve a.
Cross References
Genesis 24:11Lè aswè rive, li fè chamo yo kouche bò pi ki lòt bò pòtay lavil la. Se te lè ti medam yo tè konn vin tire dlo.
Exodus 2:15Farawon an pran nouvèl sak te pase. Li t'ap chache Moyiz pou touye l'. Men Moyiz chape kò l' anba men l', l' al rete nan peyi Madyan. Rive la, li chita bò yon pi.
Song of Solomon 1:6Pa gade sou koulè po m'! Se solèy la ki boule m' konsa. Frè m' yo te move sou mwen. Yo fè m' travay nan jaden rezen lòt moun. M' pa t' gen tan pou m' okipe jaden rezen pa m'.
John 4:6Se la pi Jakòb la te ye. Jezi menm te bouke, vwayaj la te fatige l' anpil. Li chita sou rebò pi a. Li te bò midi konsa.
Revelation 7:17Paske, ti Mouton ki nan mitan fòtèy la va tankou yon gadò pou yo. La mennen yo bò sous dlo ki bay lavi a. Se Bondye menm ki va siye dlo nan je yo.