Genesis 3:14
Seyè a, Bondye a, di sèpan an konsa. Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. W'a rale sou vant ou. W'a manje pousyè tè jouk jou ou mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 3:1Sèpan se bèt ki te pi rize nan tout bèt raje Seyè a, Bondye a, te kreye. Li di fanm lan konsa. Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an?
Exodus 21:28Lè yon bèf touye yon gason osinon yon fanm ak koutkòn, se pou yo touye l' ak koutwòch. Se pa pou yo manje vyann lan, ni yo pa bezwen fè mèt bèf la peye anyen.
Deuteronomy 28:15Men tou, si nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou:
Isaiah 29:4Lavil Jerizalèm pral tankou yon moun anba tè k'ap pale. Pousyè tè ap toufe pawòl nan bouch li. Antan li anba tè a, l'ap pale tankou yon zonbi ak yon vwa nan nen tou fèb!
Micah 7:17y'a trennen kò yo atè nan pousyè tankou koulèv. Y'a mache tankou bèt k'ap trennen sou vant! Y'a pè, y'a kouri soti nan fò yo. Y'a tranble devan Bondye, y'a tounen vin jwenn li. Y'a tranble tankou fèy bwa akòz Seyè a.