Genesis 30:15
Leya reponn li: -Atò ou pa fè m' ase? Ou fin pran mari m', koulye a ou vle pran mandragò pitit gason m' lan tou? Rachèl di l': -Enben, Jakòb va kouche avè ou aswè a pou mandragò pitit gason ou lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 16:9Apre tou sa Bondye fè pou nou, nou jwenn li pa fè ase toujou: Nan tout pèp Izrayèl la, se nou li chwazi pou pwoche bò kote l', pou fè sèvis li nan kay li, pou kanpe devan pèp la pou fè sèvis pou yo.
Isaiah 7:13Lè sa a, Ezayi di konsa: -Koute non, moun fanmi David yo! Sa pa kont nou toujou? Jan nou fè moun bouke ak nou pou koulye a nou soti pou nou fè Bondye mwen an bouke ak nou tou?
1 Corinthians 4:3Pou mwen menm, nou te mèt jije m', lèzòm te mèt jije m' nan tribinal yo, sa pa di m' anyen. Mwen menm, poutèt pa m', mwen pa jije tèt mwen non plis.