Isaiah 7:13
Lè sa a, Ezayi di konsa: -Koute non, moun fanmi David yo! Sa pa kont nou toujou? Jan nou fè moun bouke ak nou pou koulye a nou soti pou nou fè Bondye mwen an bouke ak nou tou?
Bib La
In The King James Version
In Context
12Akaz reponn: -Mwen p'ap mande Seyè a anyen. Mwen p'ap sonde l'.
Cross References
Numbers 16:9Apre tou sa Bondye fè pou nou, nou jwenn li pa fè ase toujou: Nan tout pèp Izrayèl la, se nou li chwazi pou pwoche bò kote l', pou fè sèvis li nan kay li, pou kanpe devan pèp la pou fè sèvis pou yo.
2 Chronicles 21:7Men Seyè a pa t' vle detwi fanmi David la, paske li te pase kontra ak David. Li te pwomèt David li t'ap toujou gen yon moun nan ras li pou gouvènen peyi a devan Seyè a.
Isaiah 1:24Se poutèt sa, koulye a, koute sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen fòs kouraj la ap di: Nou se lènmi m'. Nou pa vle wè m'. Mwen pral pran revanj mwen. Mwen p'ap kite nou ban m' traka ankò.
Isaiah 25:1Seyè, se ou ki Bondye mwen! M'a di jan ou gen gwo pouvwa, m'a fè lwanj ou! Ou fè anpil bèl bagay. Plan travay ou te fè nan tèt ou depi lontan an, ou reyalize l' nèt, jan ou te vle l' la.
Isaiah 63:10Men, yo te fè wòklò avè l', yo te fè l' lapenn anpil. Se konsa Seyè a te tounen yon lènmi pou yo, li fè yo lagè.
Jeremiah 6:11Kòlè Seyè a ap bouyi nan kè m' tou, m' pa ka kenbe ankò. Lè sa a, Seyè a di m': -Al pase kòlè m' sou timoun ki nan lari yo, sou gwoup jenn gason ki reyini yo. Y'ap pase men pran tout moun, fanm kou gason. Ata vye granmoun ki fin viv yo p'ap chape.