Genesis 32:29
Jakòb mande l': -Tanpri, di m' ki jan ou rele? Li reponn: -Poukisa w'ap mande m' ki jan mwen rele? Apre sa li beni Jakòb.
Bib La
In The King James Version
In Context
30Jakòb di konsa: -Mwen wè Bondye, mwen pa mouri. Se konsa, li rele kote l' te ye a Penyèl.
Cross References
Genesis 27:28Se pou Bondye ba ou lawouze ki soti nan syèl la. Se pou l' fè jaden ou donnen anpil. Se pou l' ba ou bèl rekòt ble ak rezen.
Genesis 28:13Epi li wè Seyè a kanpe anwo nechèl la. Seyè a t'ap di: -Se mwen menm, Seyè a, Bondye Abraram, zansèt ou, ak Bondye Izarak. Ou wè tè kote ou kouche a, m'ap ba ou l' pou ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo.
Genesis 35:10Bondye di l' konsa: -Yo rele ou Jakòb pa sa? Men, yo p'ap rele ou Jakòb ankò, y'a rele ou Izrayèl. Depi lè sa a, se Izrayèl yo rele l' vre.
Deuteronomy 29:29Gen bagay nou pa konnen, se bagay Bondye kenbe nan kè l' pou li menm. Men, bagay li fè nou konnen yo, se bagay nou menm ak pitit nou yo pa dwe janm bliye pou nou ka fè tou sa li mande nou fè nan lalwa a.
1 Kings 18:31Li pran douz wòch, yonn pou chak branch fanmi pitit Jakòb yo. Se Seyè a ki te bay Jakòb non Izrayèl li pote a.
1 Chronicles 1:34Izarak, pitit gason Abraram, te gen de pitit gason: Se te Ezaou ak Izrayèl.