Genesis 33:14
Tanpri, mèt mwen, ou mèt pran devan nèg pa ou la, mwen menm m'ap vin dèyè ti pa ti pa, jan bèt yo ak timoun yo ka mache, jouk m'a rive lakay ou nan peyi Seyi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 32:4Men sa li ba yo lòd pou yo di: -Men sa n'a di Ezaou, mèt mwen: Jakòb, nèg pa ou la, voye di ou konsa, li te pase tout tan sa a lakay Laban. Se poutèt sa li te pran tout reta sa a pou l' tounen.
Judges 5:4Seyè! Lè ou te kite mòn Seyi yo, lè ou te soti nan zòn peyi Edon an, latè te pran tranble, lapli tonbe anpil sot nan syèl la. Wi, nwaj yo pran lage dlo.
Isaiah 40:11Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l' yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l'. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.
Ezekiel 35:2-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon mòn Seyi, bay moun Edon yo mesaj mwen ba ou pou yo a.
Romans 15:1Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman.
1 Corinthians 9:19Mwen lib, mwen pa esklav pesonn. Men, mwen fè tèt mwen esklav tout moun pou m' ka mennen mezi m' kapab vin jwenn Kris la.