Joel 2:13
Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun. Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li toujou pare pou padonnen nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 37:29Lè Woubenn tounen nan pi a, li pa jwenn Jozèf ladan l'. Sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad ki te sou li a.
Exodus 34:6Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li.
2 Samuel 1:11David chire rad ki te sou li sitèlman sa te fè li lapenn. Tout moun ki te la avè l' yo fè menm bagay la tou.
2 Kings 5:7Lè wa peyi Izrayèl la li lèt la, li vin gen yon kè sere, li chire rad sou li epi li di: —Eske se Bondye ki bay lavi ki bay lanmò mwen ye pou msye voye yon moun ak maladi pou m' geri l'? Nou tou wè se chache l'ap chache m' kont.
2 Kings 22:11Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan liv la, li chire rad sou li a sitèlman li te sezi.
2 Chronicles 6:27tanpri, kote ou ye nan syèl la, koute yo. Padonnen peche sèvitè ou yo ak peche moun pèp Izrayèl ou yo. Moutre yo bon chemen pou yo pran an. Apre sa, Seyè, w'a voye lapli sou peyi ou te bay pèp ou a pou l' rele l' pa l' la.