Ezra 7:25
Ou menm menm, Esdras, avèk bon konprann Bondye ba ou a, w'a chwazi majistra ak jij pou gouvènen tout moun pèp Izrayèl yo k'ap viv dapre lalwa Bondye ou la, nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la. Si genyen ki pa konnen lalwa a, se pou ou fè yo aprann li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 41:38Farawon an di moun pa l' yo: -Ki bò nou ka jwenn yon moun ki gen lespri Bondye sou li tankou nonm sa a?
Exodus 18:21Men, w'a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p'ap kite lajan pran nanm yo. W'a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.
Deuteronomy 16:18N'a mete jij ak majistra nan chak lavil Seyè a, Bondye nou an, va ban nou pou dirije tout branch fanmi nou yo. Y'a fè travay yo san patipri.
2 Kings 17:27Lè sa a, wa peyi Lasiri a bay lòd sa a: Pran yonn nan prèt nou te fè prizonye yo, voye l' tounen al viv laba a pou l' ka moutre moun yo jan pou yo sèvi bondye peyi a.
1 Chronicles 23:4David mete vennkatmil (024.000) pou dirije travay tanp lan, simil (06000) pou ekri tou sa k'ap pase ak pou rann jistis,
2 Chronicles 19:8Nan lavil Jerizalèm menm, Jozafa chwazi kèk moun Levi, prèt ak chèf fanmi, li mete pou jije tout ka ki an rapò ak lalwa Bondye a, tout pwose moun lavil Jerizalèm yo ka gen yonn ak lòt.