Genesis 41:51
Jozèf rele premye a Manase paske li t'ap di nan kè l': Bondye fè m' bliye tout soufrans mwen ansanm ak moun lakay papa m' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 41:30Apre sa, pral gen sèt lanne grangou. Lè sa a, moun pral bliye tout bèl rekòt yo te fè nan peyi a. Grangou pral fini nèt ak peyi a.
Genesis 48:13Li pran timoun yo, Efrayim nan men dwat li ak Manase nan men gòch li. Konsa, Efrayim vin sou bò gòch Izrayèl, Manase menm sou bò dwat li. Li fè yo pwoche vin jwenn papa l'.
Numbers 26:28Jozèf te gen de pitit gason: Manase ak Efrayim.
Joshua 14:4Fanmi Jozèf la te fè de branch: yonn pou Manase, yonn pou Efrayim. Moun Levi yo pa t' resevwa ankenn pòsyon nan tè a pou yo. Men yo te ba yo kèk lavil pou yo te rete ak savann toupre lavil yo pou yo gade bèt ak zannimo.
Job 11:16W'a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p'ap chonje yo ankò.
Psalms 30:11(030:12) Ou siye dlo nan je m', ou fè kè m' kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m' yon bèl rad mete sou mwen pou m' fè fèt.