Genesis 42:15
Men ki bò mwen pral kenbe nou: M'ap fè sèman sou tèt farawon an, nou p'ap soti isit la tout tan nou pa fè ti frè nou an vini isit la.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Jozèf reponn yo: -Nou wè mwen gen rezon lè m' di se yon bann espyon nou ye.
Cross References
Genesis 42:7Lè Jozèf wè frè l' yo, li rekonèt yo. Men li pran pòz pa konnen yo. Li pale rèd ak yo. Li di: -Ki bò nou soti? Yo reponn: -Nou soti peyi Kanaran, nou vin achte manje.
Genesis 42:16Voye yonn nan nou al chache l'. Lòt yo ap rete nan prizon. Se konsa, m'a wè nou pa t'ap bay manti. Si se pa sa, mwen fè sèman sou tèt farawon an, se espyon nou ye.
Genesis 42:30-Nèg k'ap gouvènen peyi a pale rèd ak nou. Li pran nou pou espyon.
Genesis 43:3Jida reponn li: -Nonm lan te byen avèti nou pou nou pa parèt devan l' si nou pa vin ak ti frè nou an.
Genesis 44:20Nou te reponn ou: Wi, nou gen yon papa ki fin vye granmoun ak yon ti frè, pitit papa nou te fè nan vyeyès li. Ti bway la te gen yon lòt frè menm manman avè l'. Men, li mouri. Nan de pitit manman l' yo, se li menm ase ki rete. Lèfini papa nou renmen l' anpil.
Genesis 44:23Men, ou te kenbe pawòl ou pi rèd, ou te di nou si ti frè nou an pa vini ak nou, nou pa bezwen parèt devan ou.