Genesis 42:22
Woubenn di yo: -Mwen te di nou pa fè tibway la anyen, men nou pa t' vle koute m'. Koulye a se lanmò tibway la n'ap peye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 4:10Bondye di l' konsa. Kisa ou fè konsa? San Abèl, frè ou, ki koule atè a, ap rele tankou yon vwa moun. Li rive jouk nan zòrèy mwen. L'ap mande revanj.
Genesis 9:6Si yon moun touye yon moun, yon lòt moun gen pou touye l' tou, paske Bondye kreye moun pòtre ak li.
Genesis 37:29Lè Woubenn tounen nan pi a, li pa jwenn Jozèf ladan l'. Sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad ki te sou li a.
1 Kings 2:32Seyè a pral pini Joab pou krim sa yo li te fè san David, papa m', pa t' konnen. Joab te touye de moun inonsan ki te pi bon pase l': Abnè, pitit pitit gason Nè a, kòmandan lame peyi Izrayèl la ak Amasa, pitit gason Jetè a, kòmandan lame peyi Jida a.
2 Chronicles 24:22Joas te bliye tout byen Jeojada, papa Zakari, te fè pou li, li fè touye Zakari. Anvan Zakari rann dènye souf li, li di byen fò: -Se pou Seyè a wè sa ou fè la a, se pou l' pini ou pou sa!
Ezekiel 3:18Lè mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l' mouri, si ou pa avèti l' pou l' chanje, pou l' kite move pant l'ap swiv la pou l' ka sove lavi l', l'ap toujou mouri poutèt peche li fè yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li.