Genesis 43:14
M'ap mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l' fè nonm lan aji byen ak nou, pou l' ka renmèt nou ni lòt frè nou an, ni Benjamen. Pou mwen menm, si se pou m' pèdi pitit mwen yo, mwen mèt pèdi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Pran frè nou an, tounen kote msye a.
Cross References
Genesis 17:1Le Abram rive sou katrevendisnevan laj, Seyè a parèt devan l', li di l' konsa. Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m' di ou fè. Se pou ou mennen yon vi san repwòch.
Genesis 28:3Mwen mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l' beni maryaj ou, pou l' ba ou anpil pitit, pou ou tounen zansèt anpil nasyon.
Genesis 35:11Bondye di l' ankò: -Se mwen menm Bondye ki gen tout pouvwa a. W'ap gen anpil pitit ak pitit pitit. Gen ladan yo k'ap wa. W'ap si tèlman gen anpil pitit pitit, y'a tounen yon kantite nasyon.
Genesis 42:24Jozèf soti kote yo te ye a, li al kriye. Lèfini li tounen, li pale ak yo, li pran Simeyon, li fè yo mete l' nan chenn, la devan yo tout.
Genesis 44:12Chèf domestik Jozèf la pran fouye sak yo yonn apre lòt. Li konmanse ak sak pi gran an pou l' fini ak sak pi piti a. Yo jwenn gode a nan sak Benjamen an.
Nehemiah 1:11Aa! Seyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè mwen menm, sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou, lapriyè tout sèvitè ou yo ki pran plezi nan gen krentif pou ou. Tanpri, Seyè, fè tout bagay mache byen pou mwen jòdi a. Fè wa a resevwa m' byen. Lè sa a, mwen te chèf kanbiz wa a.