Genesis 47:31
Men, Jakòb di Jozèf konsa: -Fè m' sèman w'ap fè sa pou mwen! Jozèf sèmante ba li. Apre sa, Izrayèl bese kouche nan kabann li.
Bib La
In The King James Version
And he said, Swear unto me. And he sware unto him. And Israel bowed himself upon the bed’s head.
In Context
Cross References
Genesis 21:23Koulye a, fè sèman, isit la menm, devan Bondye, ou p'ap janm twonpe ni mwen menm, ni pitit mwen yo, ni pitit pitit mwen yo. Mwen te aji byen avè ou. Pwomèt w'ap aji byen avè m' tou, epi w'ap sèvi byen ak tout moun nan peyi kote ou rete a.
Genesis 24:3Mwen vle pou ou fè sèman sou Seyè a, Bondye syèl la ak Bondye latè a, pou ou pa chwazi yon madanm pou pitit gason m' lan nan medam k'ap viv nan peyi Kanaran kote m' rete a.
Genesis 47:29Lè sa a, Izrayèl vin wè li pa t' gen lontan pou l' viv ankò. Li fè rele Jozèf, pitit li a, li di l' konsa: -Si ou renmen m' vre, tanpri, fè m' sèman. Mete men ou nan fant janm mwen, pwomèt mwen w'ap kenbe pawòl ou, ou p'ap janm trayi m'. Tanpri, pa antere m' nan peyi Lejip.
Genesis 50:5Di l' pou mwen: Anvan papa m' te mouri li te fè m' sèmante pou m' te antere l' nan kavo li te fè pare pou li nan peyi Kanaran. Tanpri, kite m' moute al antere papa m'. Apre sa, m'a tounen.
Hebrews 11:21Se paske Jakòb te gen konfyans nan Bondye kifè li te gen tan beni tout pitit Jozèf yo yonn apre lòt anvan l' mouri. Lèfini li apiye sou tèt baton li, li adore Bondye.