Genesis 50:5
Di l' pou mwen: Anvan papa m' te mouri li te fè m' sèmante pou m' te antere l' nan kavo li te fè pare pou li nan peyi Kanaran. Tanpri, kite m' moute al antere papa m'. Apre sa, m'a tounen.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Farawon an voye reponn li: -Ou mèt al antere papa ou, jan ou te sèmante ba li a.
Cross References
Genesis 3:19Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò.
Genesis 47:31Men, Jakòb di Jozèf konsa: -Fè m' sèman w'ap fè sa pou mwen! Jozèf sèmante ba li. Apre sa, Izrayèl bese kouche nan kabann li.
Genesis 49:29Apre sa, Jakòb ba yo lòd sa a: -Mwen menm, mwen pral jwenn fanmi m' yo ki mouri deja. Antere m' menm kote ak zansèt mwen yo nan twou wòch ki nan jaden Efwon, moun Et la,
Deuteronomy 4:22Se konsa, mwen menm, m'ap mouri bò isit la, mwen p'ap janbe lòt bò larivyè Jouden an. Men, nou menm, n'ap janbe lòt bò larivyè a, nou pral pran bon peyi sa a pou nou.
2 Chronicles 16:14Yo antere l' nan kavo li te fè fouye pou tèt pa li nan lavil David la. Yo mete kadav la kouche sou yon payas fèt ak fèy santi bon ak tout kalite bon odè yo te pare jan yo konn fè l' la. Apre sa, yo limen yon gwo boukan pou li.
Psalms 79:3Yo fè san pèp ou a koule tankou dlo larivyè. San an koule tankou dlo nan tout lavil Jerizalèm. pa t' gen pesonn pou antere kadav yo!