Genesis 49:27
Benjamen, se yon bèt nan bwa devoran. Nan maten, li manje bèt li kenbe a. Nan aswè, l'ap separe toujou sa l' te pran yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 35:18Rachèl tapral mouri, li t'ap rann dènye souf li lè li rele pitit la Bennoni. Men papa a rele l' Benjamen.
Numbers 23:24Gade! Pèp Izrayèl la kanpe tankou yon manman lyon. Yo leve kanpe tankou yon mal lyon. Yo p'ap chita toutotan yo pa fin devore moun ki tonbe anba men yo, toutotan yo pa fin bwè san moun yo touye yo.
Deuteronomy 33:12Men sa li di pou branch fanmi Benjamen an: Se moun Seyè a renmen anpil. Y'a viv ak kè poze bò kote l'. Bondye ki anwo nan syèl la va toujou pwoteje yo, l'a moute kay li nan mitan yo.
Judges 20:21Moun Benjamen yo soti lavil Gibeya. Jou sa a yo desann venndemil (022.000) sòlda nan lame pèp Izrayèl la.
1 Samuel 11:4Mesaje yo rive lavil Gibeya kote Sayil te rete a. Lè yo bay pèp la mesaj la, tout moun pete rele byen fò.
1 Samuel 17:1Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo lavil Soko nan peyi moun Jida yo, pou y' al goumen. Yo pran pozisyon yon kote yo rele Fwontyè San, ant lavil Soko ak lavil Azeka.