Judges 20:21
Moun Benjamen yo soti lavil Gibeya. Jou sa a yo desann venndemil (022.000) sòlda nan lame pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 23:9Lè n'ap fè lagè ak lènmi nou yo, antan n'ap viv nan kan, se pou nou egzante tou sa ki ka mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye.
2 Chronicles 28:10Koulye a menm, nou soti pou nou fè moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo tounen esklav pou sèvi nou. Men nou menm poutèt pa nou, lè nou fè sa, èske nou pa fè sa ki mal tou devan Seyè a, Bondye nou an?
Psalms 73:18Wi, ou mete yo sou yon chemen glise, ou fè yo tonbe, epi yo fini.
Ecclesiastes 9:1Mwen kalkile anpil sou bagay sa yo. Mwen repase bagay sa yo byen repase nan tèt mwen. Mwen wè se Bondye k'ap dirije lavi tout moun, ni moun ki gen bon konprann, ni moun ki mache dwat yo. Li kontwole tou sa y'ap fè, kit yo renmen, kit yo rayi. Pesonn pa konn anyen sou sa k'ap tann yo pi devan.
Hosea 10:9Seyè a di: -Nou menm moun Izrayèl, depi nou te lavil Gibeya, n'ap fè peche. Depi lè sa a, nou pa janm sispann. Se konsa, lagè y'ap mennen kont mechan yo ap vire sou nou jouk lavil Gibeya.