Genesis 49:28
Men douz branch fanmi Izrayèl yo. Men sa papa yo te di yo. Li beni yo, li bay chak moun benediksyon pa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 35:22Antan Jakòb t'ap viv nan peyi sa a, Woubenn al kouche ak Bila, yonn nan fanm papa l' yo. Izrayèl vin konn sa, li te fache anpil. Jakòb te gen douz pitit gason.
Numbers 23:24Gade! Pèp Izrayèl la kanpe tankou yon manman lyon. Yo leve kanpe tankou yon mal lyon. Yo p'ap chita toutotan yo pa fin devore moun ki tonbe anba men yo, toutotan yo pa fin bwè san moun yo touye yo.
1 Kings 18:31Li pran douz wòch, yonn pou chak branch fanmi pitit Jakòb yo. Se Seyè a ki te bay Jakòb non Izrayèl li pote a.
Esther 8:9Tou sa te pase nan venntwazyèm jou twazyèm mwa a, mwa Sivan an. Madoche fè chache tout sekretè wa yo, li di yo tou sa pou yo mete nan lèt pou yo voye bay jwif yo, bay gouvènè yo, bay prefè yo ak lòt chèf pèp yo, nan tout sanvennsèt (0127) pwovens yo, depi peyi Lend rive peyi Letiopi. Lèt yo te ekri pou chak pwovens yo nan lang yo, dapre jan yo ekri lang lan nan peyi a. Yo ekri lèt pou jwif yo nan lang pa yo, dapre jan yo ekri lang pa yo a tou.
Esther 9:1Trèzyèm jou nan douzyèm mwa a, mwa Ada a, rive. Se te jou pou yo te fè sa wa a te bay lòd fè a. Se te jou moun ki pa t' vle wè jwif yo t'ap tann pou yo te kraze yo. Men, sa ki pou te rive jou sa a, se pa sa ki rive. Se jwif yo ki kraze moun ki te rayi yo.
Zechariah 14:1Gade! Men jou jijman Seyè a ap rive! Jou sa a, yo pral piye lavil Jerizalèm. Yo pral separe tou sa yo pran ladan li la devan je nou.