Genesis 50:13
Yo pote kadav li nan peyi Kanaran, yo antere l' nan twou wòch ki te nan jaden Makpela a, anfas Manmre. Se jaden sa a Abraram te achte nan men Efwon, moun Et la, pou sèvi l' simityè.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Konsa, pitit gason Jakòb yo te fè jan papa yo te ba yo lòd fè a.
Cross References
Genesis 23:16Abraram dakò ak sa Efwon di l' la. Li peze lajan an, li bay Efwon li devan tout moun Et yo. Wi, li ba li katsan (0400) pyès lò dapre jan kòmèsan yo te sèvi nan peyi a.
Genesis 23:20Se konsa, Abraram achte jaden an ak tout twou wòch ki te ladan l' lan, nan men moun Et yo, li fè l' sèvi simityè pou li.
Genesis 25:9Izarak ak Izmayèl, pitit li yo, antere l' nan twou wòch Makpela a, nan jaden Efwon, pitit Zoka, yon moun Et, anfas Manmre.
Genesis 35:29lè li mouri. Li te fin granmoun, li te wè kont jou li lè l' al jwenn moun li yo ki te mouri deja. Ezaou ak Jakòb, pitit gason l' yo, antere li.
Genesis 49:29Apre sa, Jakòb ba yo lòd sa a: -Mwen menm, mwen pral jwenn fanmi m' yo ki mouri deja. Antere m' menm kote ak zansèt mwen yo nan twou wòch ki nan jaden Efwon, moun Et la,
Acts 7:16Yo pote kò yo Sichèm, yo antere yo la, nan twou wòch Abraram te achte nan men eritye Emò yo, lavil Sichèm.