Genesis 23:20
Se konsa, Abraram achte jaden an ak tout twou wòch ki te ladan l' lan, nan men moun Et yo, li fè l' sèvi simityè pou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 25:9Izarak ak Izmayèl, pitit li yo, antere l' nan twou wòch Makpela a, nan jaden Efwon, pitit Zoka, yon moun Et, anfas Manmre.
Genesis 49:29Apre sa, Jakòb ba yo lòd sa a: -Mwen menm, mwen pral jwenn fanmi m' yo ki mouri deja. Antere m' menm kote ak zansèt mwen yo nan twou wòch ki nan jaden Efwon, moun Et la,
Genesis 50:5Di l' pou mwen: Anvan papa m' te mouri li te fè m' sèmante pou m' te antere l' nan kavo li te fè pare pou li nan peyi Kanaran. Tanpri, kite m' moute al antere papa m'. Apre sa, m'a tounen.
Genesis 50:24Li di frè l' yo konsa: -Mwen pral mouri. Men mwen sèten Bondye gen pou vin ede nou. L'ap fè nou kite peyi sa a, l'ap fè nou tounen nan peyi li te sèmante l'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la.
2 Samuel 24:24Men wa a reponn li, li di l': -Non. Se achte m'ap achte. Se pou m' peye pou yo. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m' lajan pou m' ofri pou boule nèt pou Seyè a. Se konsa, David achte anplasman glasi a ansanm ak tout bèf yo pou senkant pyès ajan.
Jeremiah 32:10Apre sa, mwen siyen de papye tè yo, mwen mete so m' sou yonn. Mwen fè temwen yo siyen tou, mwen fè kontwole pèz lajan an nan balans.