Genesis 6:17
Mwen pral voye yon gwo inondasyon dlo sou latè pou detwi tout sa k'ap viv anba syèl la. tout sa ki sou latè pral peri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 6:7Seyè a di: Mwen pral disparèt tout moun mwen te kreye yo, san kite yonn. Epi m'ap detwi ansanm ak yo tout tou bèt kat pat, tout bèt ki trennen sou vant ak tout zwazo k'ap vole nan syèl, paske mwen règrèt anpil dèske mwen te fè yo.
Genesis 7:4Paske, nan sèt jou ankò, m'ap fè yon sèl lapli tonbe sou latè pandan karant jou karant nwit. M'ap disparèt tout moun ak tout bèt mwen te fè mete sou latè.
Genesis 7:17Pandan karant jou, dlo kouvri tout tè a. Dlo yo gonfle, yo fè batiman an pèdi tè.
Genesis 7:23Se konsa, Seyè a detwi tout bèt, tout sa ki te sou latè, depi ou tande se moun jouk zannimo domestik, bèt ki trennen sou vant ak zwazo k'ap vole nan syèl la. Yo tout yo disparèt sou latè. Sèl moun ki te rete se te Noe avèk lòt moun ki te nan batiman an ansanm ak li yo.
Exodus 14:17M'ap fè moun peyi Lejip yo fè tèt di pi rèd. Y'ap antre dèyè moun pèp Izrayèl yo nan mitan lanmè a. Mwen pral bat farawon an ansanm ak tout lame l' a, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen.
Deuteronomy 32:39Se mwen menm, mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt bondye pase mwen menm. Mwen bay lavi, mwen pran lavi jan m' vle. Lè mwen bay maladi, se mwen ki pou bay gerizon. Pa gen moun ki ka delivre pesonn anba men mwen.