Genesis 7:23
Se konsa, Seyè a detwi tout bèt, tout sa ki te sou latè, depi ou tande se moun jouk zannimo domestik, bèt ki trennen sou vant ak zwazo k'ap vole nan syèl la. Yo tout yo disparèt sou latè. Sèl moun ki te rete se te Noe avèk lòt moun ki te nan batiman an ansanm ak li yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
22tout bèt vivan ak tout moun sou latè mouri.
24Apre sa, dlo a rete anwo tè a pandan sansenkant (0150) jou.
Cross References
Genesis 7:21Lè sa a, tout bèt sou latè mouri: zwazo, bèt domestik, zannimo, tout bèt ki trennen sou vant yo, ansanm ak tout moun.
Exodus 14:28Dlo a tounen nan plas li, li kouvri cha yo, kavalye yo ak tout lame farawon an. Wi, li kouvri tout moun ki t'ap kouri dèyè moun pèp Izrayèl yo nan lanmè a. Pa gen yonn ki chape.
Job 22:15Ou vle mache pye pou pye dèyè mechan yo, nan move chemen yo te toujou pran depi lontan an!
Psalms 91:7Mil (01.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil (010.000) sou bò dwat ou, anyen p'ap rive ou.
Proverbs 11:4Jou malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou.
Ezekiel 14:14Si twa moun dwat sa yo, Noe, Danèl ak Jòb, ta nan mitan yo, se yo menm ase ki t'ap sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.