Genesis 7:16
Se konsa, yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite bèt vivan antre nan batiman an, jan Bondye te bay lòd la. Epi Bondye fèmen pòt la dèyè Noe.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Yo tout yo te vin jwenn Noe nan batiman an, de grenn nan chak kalite bèt vivan ki sou latè.
17Pandan karant jou, dlo kouvri tout tè a. Dlo yo gonfle, yo fè batiman an pèdi tè.
Cross References
Genesis 7:5Noe fè tout sa Seyè a te ba li lòd fè a.
Deuteronomy 33:27Bondye ki la pou tout tan an ap pwoteje nou. L'ap pran dèfans nou ak pouvwa li ki p'ap janm fini. L'ap fè lènmi nou yo kouri met deyò devan nou, l'ap ban nou lòd pou nou detwi yo nèt.
Job 12:14Lè Bondye kraze yon bagay, pesonn pa ka refè l'. Lè li mete yon moun nan prizon, pesonn pa ka lage l'.
Psalms 91:1Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
Matthew 25:10Antan tèt chaje yo al achte gaz la, msye marye a vin rive. Senk jennfi ki te pare yo antre ansanm avè l' nan kay nòs la. Yo fèmen pòt la dèyè yo.
John 10:27Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen.