Genesis 7:21
Lè sa a, tout bèt sou latè mouri: zwazo, bèt domestik, zannimo, tout bèt ki trennen sou vant yo, ansanm ak tout moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Dlo a moute vennsenk pye depase tèt mòn yo.
22tout bèt vivan ak tout moun sou latè mouri.
Cross References
Genesis 6:13Lè sa a, Bondye di Noe konsa: Mwen deside pou m' fini ak tout moun, paske se yo ki lakòz toupatou sou latè se mechanste ase. Wi, mwen pral detwi yo nèt ansanm ak tout sa ki sou latè.
Genesis 7:4Paske, nan sèt jou ankò, m'ap fè yon sèl lapli tonbe sou latè pandan karant jou karant nwit. M'ap disparèt tout moun ak tout bèt mwen te fè mete sou latè.
Isaiah 24:6Se poutèt sa madichon ap fini ak latè: moun ki rete sou latè ap peye pou sa yo te fè ki mal. Y'ap deperi grenn pa grenn. Se yon ti ponyen ki rete.
Jeremiah 4:22Seyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m'! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen.
Hosea 4:3Se poutèt sa, peyi a pral nan lapenn. Tout moun nan peyi a pral deperi. Tout zannimo nan savann, tout zwazo k'ap vole nan syèl, tout pwason nan lanmè pral mouri.
Joel 2:3Tankou dife, yo devore tou sa ki devan yo. Yo pa kite anyen kote yo pase. Anvan yo te vini, peyi a te tankou yon ti paradi. Lè yo fin pase, li tounen yon dezè san anyen ladan l'. Anyen pa chape anba dan yo.