Isaiah 24:6
Se poutèt sa madichon ap fini ak latè: moun ki rete sou latè ap peye pou sa yo te fè ki mal. Y'ap deperi grenn pa grenn. Se yon ti ponyen ki rete.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Pye rezen yo ap fennen. Ou pa ka jwenn diven. Tout moun ki te konn fè fèt yo ap plenn.
Cross References
Leviticus 26:22M'a lage bèt nan bwa dèyè nou, y'a touye pitit nou yo, y'a fini ak tout zannimo nou yo. Anpil nan nou va mouri tou. p'ap gen pesonn ap mache sou chemen nan peyi a.
Deuteronomy 28:15Men tou, si nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou:
Deuteronomy 29:22Moun k'ap vin apre nou yo, pitit nou yo k'ap fèt apre nou ansanm ak moun lòt nasyon k'ap soti byen lwen yo, va wè malè ki tonbe sou peyi a ak tout maladi Seyè a voye nan peyi a.
Joshua 23:15Wi, menm jan Seyè a, Bondye nou an, te fè pou nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo, konsa tou, si nou vire do ba li, l'a voye sou nou tout kalite malè, jouk l'a disparèt nou nèt nan bon peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.
2 Kings 25:12Men, li kite kèk moun nan mas pèp la, nan sa ki te pi pòv yo. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo okipe.
Isaiah 1:31Menm jan yon ti tensèl mete dife nan yon pil fachin bwa chèch, se konsa sa gwonèg yo ap fè a ap tounen yon tizon dife nan dèyè yo. Pesonn p'ap ka fè anyen pou sove yo.