Genesis 9:23
Men, Sèm ak Jafè pran yon gwo rad, yo chak pran yon bout, yo pase l' dèyè do yo, yo kenbe l' anwo zepòl yo. Yo mache pa do, yo antre, yo kouvri papa yo san yo pa janm vire tèt yo gade dèyè. Konsa yo pa wè papa yo toutouni.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Lè Kam, papa Kanaran, wè papa l' toutouni, li ale di de frè l' yo sa.
24Lè Noe soti anba toudisman diven l' lan, yo di l' sa dezyèm pitit gason l' lan te fè l'.
Cross References
Exodus 20:12Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.
Romans 13:7Peye tout moun sa ou dwe yo: peye enpo nan biwo kote pou ou peye enpo; peye taks nan biwo kote pou ou peye taks. Gen krentif pou moun ou dwe gen krentif. Gen respè pou moun ou dwe respekte.
1 Timothy 5:1Pa fè granmoun gason yo repwòch twò di. Pale ak yo tankou ou ta pale ak papa ou. Aji ak jenn jan yo tankou si yo te frè ou;
1 Timothy 5:19Pa kite pesonn vin pote plent pou yon chèf reskonsab, esepte si moun lan gen de osinon twa temwen avè li.
1 Peter 4:8Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.