Habakkuk 1:15
Moun Babilòn yo pran moun nan zen tankou pwason. Yo rale yo nan senn, yo ranmase yo nan nas. Lèfini, yo kontan, y'ap fè fèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Kouman ou ka aji ak moun tankou si yo te pwason nan lanmè, tankou koulèv nan raje ki pa gen mèt?
Cross References
Isaiah 19:8Pechè yo pral plenn, moun ki te konn peche pwason ak zen nan larivyè a pral pran lapenn. Moun ki te konn voye privye nan larivyè a pral nan gwo chagren.
Jeremiah 50:11Seyè a di ankò: -Nou menm moun lavil Babilòn ki t' al piye pèp ki rele m' pa m' lan, nou te kontan, nou t'ap fè fèt, nou t'ap sote ponpe tankou ti gazèl lage nan savann, nou t'ap ranni tankou jenn poulen.
Ezekiel 25:6Men sa Seyè sèl Mèt la di: Nou te bat men, nou te danse tèlman nou te kontan, paske, nan kè nou, nou pa vle wè peyi Izrayèl la.
Ezekiel 29:4Mwen pral kwoke yon zen antravè nan machwè ou. Tout pwason larivyè a pral kole sou ou. Lèfini, m'ap rale ou soti nan larivyè a ak tout pwason yo kole sou ou.
Amos 4:2Koute sa Seyè a di: Seyè a se yon moun apa. Se yon Bondye tout bon. Li fè sèman sou tèt li. Li di konsa: Yon jou gen pou rive, y'ap fwennen nou tankou pwason ki pran nan zen. Y'ap pote nou tout ale.
Matthew 17:27Men, nou pa vle bay move egzanp: Ale bò lanmè a, voye yon zen nan dlo a. Rale premye pwason ki va mòde ladan l' lan. Louvri bouch li, wa jwenn yon pyès lajan, mezi pou peye taks pa m' ak taks pa ou. Pran l', al peye pou nou de.