Habakkuk 1:16
Se sak fè tou, yo fè ofrann bèt yo touye pou senn yo, yo boule lansan pou nas yo, paske se nan senn yo ak nan nas yo yo jwenn tout kalite bon pwason pou yo manje.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 8:17Pa janm mete nan tèt nou se kouraj nou ak fòs ponyèt nou ki fè nou gen tout richès sa yo.
Isaiah 37:24Ou voye moun ou yo vin manke Bondye dega. Ou deklare: O wi, avèk tout kantite cha lagè m' yo, mwen moute sou tèt tout mòn ata sou mòn Liban an. Mwen koupe pi gwo pye sèd li yo, pi bèl pye sikren li yo, mwen rive jouk anwo nèt sou tèt li, nan mitan rakbwa li yo ki tankou bèl jaden.
Ezekiel 29:3Pale avè l'. Di li men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li. -Ou menm farawon an, wa peyi Lejip, mwen pral leve dèyè ou tou. Ou tankou yon gwo kayiman ki kouche nan larivyè Nil la. Ou di se pou ou larivyè Nil la ye, se ou ki fè l'.
Daniel 5:23Ou menm tou, ou kenbe tèt ak Seyè ki nan syèl la, ou fè yo pote veso yo te pran nan tanp li a ba ou. Epi ou menm, chèf ou yo, madanm ou yo ak fanm kay ou yo, nou bwè diven ladan yo. Nou fè lwanj pou bondye fèt an lò, an ajan, an kwiv, an fè, an bwa, an wòch, bondye ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa konn anyen. Men, monwa, Bondye ki kenbe lavi ou nan men l' lan, li menm ki kontwole tou sa w'ap fè yo, ou pa fè lwanj li.