Habakkuk 1:8
Chwal yo kouri pi rèd pase chat mawon. Yo pi move pase chen mawon ki grangou. Kavalye yo soti byen lwen, y'ap kouri vini. Yo tankou malfini k'ap plonje sou poul.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:49Seyè a pral mennen yon nasyon soti byen lwen nan dènye bout latè, yon nasyon ki pale yon lang nou p'ap konprann, yo pral vare sou nou tankou malfini sou poul.
Isaiah 5:26Seyè a leve drapo l' pou l' bay siyal la. L'ap rele yon pèp ki byen lwen. L'ap soufle byen fò, l'ap rele moun soti jouk lòt bò nèt, nan dènye bout latè. Gade! Y'ap vole konsa, y'ap kouri vini!
Jeremiah 5:6Se poutèt sa lyon ki nan rakbwa ap devore yo. Chen mawon ki nan savann ap dechèpiye yo. Leyopa ap anvayi lavil yo. Si yon moun mete tèt deyò, y'ap depatcha li. Paske yo fè anpil peche. Se tout tan y'ap twonpe Bondye!
Ezekiel 17:3Di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Vwala, se te yon gwo gwo malfini ak zèl li yo byen laj. Plim li yo te long epi yo te tout kalite koulè. Li vole li ale nan peyi Liban, li kase tèt yon pye sèd.
Hosea 8:1Kònen klewon an! Malè ap fonn sou peyi Bondye a tankou malfini, paske moun yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Yo vire kont sa mwen te moutre yo a.
Zephaniah 3:3Nan lavil la, chèf yo tankou lyon ki grangou. Jij yo tankou chen mawon ki soti apre solèy kouche. Yo tèlman akrèk, yo pa kite yon ti zo pou denmen maten.