Habakkuk 1:9
Sòlda yo ap vini pou fè piyay. Tout moun pè lè yo wè yo ap pwoche, paske yo ranmase prizonye an kantite, san gad dèyè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:51Y'a manje pwofi bèt nou yo, ak rekòt jaden nou yo jouk y'a kite nou mouri grangou. Yo p'ap kite anyen pou nou, ni farin, ni diven, ni lwil, ni pòte bèf nou yo ni pòte mouton nou yo, jouk y'a fini nèt ak nou.
Job 29:18Mwen t'ap di nan kè m': M'a viv kont viv mwen. M'a mouri sou kabann mwen ak kè poze.
Isaiah 27:8Pou l' te pini pèp la, li mete yo deyò nan peyi a, li fè depòte yo, li voye yon move van soti nan lès pote yo ale.
Jeremiah 4:11Yon jou ap vini. Lè sa a, y'a di pèp lavil Jerizalèm lan: Men yon van byen cho k'ap soufle soti nan dezè a. L'ap desann sou moun pèp Jida yo. Se pa yon ti van pou vannen, ni pou netwaye grenn.
Jeremiah 15:8Mwen fè gen plis madanm ki pèdi mari yo nan peyi a pase gen grenn sab bò lanmè. Mwen touye jenn gason nou yo ki te fèk parèt nan lavi a. Mwen mete manman yo nan lapenn. M' rete konsa m' ba yo kè sere ak kè sote.
Jeremiah 34:22M'ap pase yo lòd, y'ap tounen vin atake lavil la. Y'ap pran l', y'ap mete dife ladan l'. M'ap fè lavil peyi Jida yo tounen yon dezè san pyès moun ladan yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.