Habakkuk 2:16
Moun p'ap fè lwanj pou yo. Okontrè, yo pral trennen yo nan labou. Se yo menm ki pral bwè pou yo sou jouk y'a mete yo toutouni devan tout moun tou. Seyè a nan kòlè li pral fè yo bwè gode chatiman li pare pou yo a. Yo t'ap chache lwanj? Se wont y'a wont pito.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 75:8(075:9) Seyè a kenbe yon gode nan men l'. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L'ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y'ap bwè, y'ap bwè san yo pa kite yon ti tak.
Isaiah 20:4Wa peyi Lasiri a pral depòte tout prizonye li pral fè nan peyi Lejip ak nan peyi Letiopi. Granmoun kou timoun pral mache toutouni, pye atè ak tout dèyè yo deyò. Sa pral yon wont pou peyi Lejip.
Isaiah 47:3Rete toutouni pou moun ka wè jan ou tonbe ba! Mwen pral tire revanj. Pesonn p'ap ka rete m'.
Isaiah 51:21Se poutèt sa, nou menm moun lavil Jerizalèm ki nan soufrans, koute pawòl sa yo byen, nou menm ki sou tankou si nou te bwè diven.
Jeremiah 25:26tout wa ki sou bò nò yo, sa ki lwen yo ak sa ki pre yo, yonn apre lòt. Tout nasyon ki sou latè gen pou bwè ladan l'. Apre yo tout, se va tou pa wa lavil Babilòn lan pou l' bwè ladan l' tou.
Lamentations 4:21Nou menm, moun peyi Edon ki rete lavil Ouz, nou mèt fè kè nou kontan, nou mèt fè fèt! Tou pa nou dèyè, tande! Jou sa a, nou pral titibe toutouni nan tout lari.