The Bible Software
bible.software › Habakkuk › Habakkuk 2 › Habakkuk 2:17

Habakkuk 2:17

Yo te koupe tout gwo rakbwa peyi Liban an. Koulye a, se yo yo pral koupe voye jete. Yo te touye tout bèt li yo. Koulye a, bèt li yo pral fè yo kouri al kache. Tou sa pral rive yo paske yo te touye anpil moun, yo te fè peyi yo, lavil yo ansanm ak moun ladan yo pase anpil mati anba men yo.

Bib La

In The King James Version

For the violence of Lebanon shall cover thee, and the spoil of beasts, which made them afraid, because of men’s blood, and for the violence of the land, of the city, and of all that dwell therein.

In Context

16Moun p'ap fè lwanj pou yo. Okontrè, yo pral trennen yo nan labou. Se yo menm ki pral bwè pou yo sou jouk y'a mete yo toutouni devan tout moun tou. Seyè a nan kòlè li pral fè yo bwè gode chatiman li pare pou yo a. Yo t'ap chache lwanj? Se wont y'a wont pito.

18Kisa yon estati an bwa ka fè pou nou, pou nou fè moun travay fè li pou nou? Kisa yon estati fèt ak metal yo fonn ka fè pou nou? Se manti ase l'ap ban nou. Sa sa ap rapòte nou lè nou fè zidòl ki pa ka pale pou nou mete konfyans nou nan yo?

Read all of Habakkuk 2

Cross References

Psalms 55:23(055:24) Men ou menm, Bondye, w'ap fè bann ansasen sa yo ak bann vòlè sa yo desann anba tè. Yo p'ap wè mwatye nan lavi yo. Men, mwen menm, se nan ou m'ap mete tout konfyans mwen.

Proverbs 28:17Lè yon moun touye yon lòt, konsyans li boulvèse l', l'ap kouri chache lanmò. Piga pesonn chache kenbe l'.

Jeremiah 50:33Wi, men sa Seyè a di ankò: Y'ap peze moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Moun ki te depòte yo kenbe yo kout, yo pa vle lage yo.

Jeremiah 51:34Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te devore lavil Jerizalèm, li manje l' nèt ale. Li kite peyi a vid tankou yon plat yo niche. Tankou yon gwo bèt lanmè, li vale m'. Li souse tout mwèl mwen. Lèfini, li voye rès la jete.

Habakkuk 2:8Nou te piye anpil nasyon. Koulye a rès moun ki te chape yo pral piye tou sa nou genyen paske nou te touye anpil moun, nou te fè peyi yo, lavil yo ansanm ak moun ki te rete ladan yo pase anpil mati anba men nou.

Revelation 18:20Ou menm, sièl la, ou mèt kontan pou sa ki rive lavil la! Nou menm pèp Bondye a, apòt yo, pwofèt yo, nou mèt kontan tou! Paske, Bondye peni li pou sa l' te fè nou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Habakkuk 2:17

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Habakkuk 2:16Habakkuk 2Habakkuk 2:18 →