Habakkuk 2:19
Madichon pou moun k'ap pale ak yon bout bwa, epi k'ap di l': Leve non! Madichon pou moun k'ap pale ak yon moso wòch ki pa gen lapawòl, epi k'ap di l': Kanpe non! Eske bout bwa ak moso ròch ka di ou anyen? Ou kouvri yo avèk plak lò ak plak ajan, se vre. Men yo pa gen lavi.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Seyè a kanpe nan kay ki apa pou li a. Se pou tout moun sou latè pe bouch devan li.
Cross References
Psalms 97:7Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li.
Isaiah 40:19Bòs atizan an pran yon moul pou fè yon estati. Efèv la kouvri estati a nèt ak lò. Li fonn ajan pou soude l' nan plas li.
Isaiah 46:6Gen moun ki pran lò nan pòch yo, yo peze ajan nan balans, yo peye yon òfèv pou fè yon bondye pou yo. Lèfini, yo mete ajenou devan l', yo adore l'.
Jeremiah 10:4Yo dekore l' ak ajan, ak lò. Yo pran mato ak klou yo kloure l' pou fè l' kanpe pou l' pa tonbe.
Jeremiah 10:14Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo.
Daniel 3:1Wa Nèbikadneza te fè fè yon gwo estati lò. Estati a te gen katrevendis pye wotè ak nèf pye lajè. Li fè yo mete l' kanpe nan mitan plenn Doura a, nan pwovens Babilòn lan.