Habakkuk 2:18
Kisa yon estati an bwa ka fè pou nou, pou nou fè moun travay fè li pou nou? Kisa yon estati fèt ak metal yo fonn ka fè pou nou? Se manti ase l'ap ban nou. Sa sa ap rapòte nou lè nou fè zidòl ki pa ka pale pou nou mete konfyans nou nan yo?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 115:4Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.
Isaiah 1:31Menm jan yon ti tensèl mete dife nan yon pil fachin bwa chèch, se konsa sa gwonèg yo ap fè a ap tounen yon tizon dife nan dèyè yo. Pesonn p'ap ka fè anyen pou sove yo.
Isaiah 42:17Tout moun ki mete konfyans yo nan zidòl, tout moun k'ap rele estati yo bondye, yo pral bese tèt yo atè, yo pral wont.
Isaiah 44:10Ki moun k'ap fè pòtre yon bondye, k'ap fonn metal pou fè yon estati san li pa wè avantaj li ladan l'?
Isaiah 45:16Moun k'ap fè estati yo pral wont, yo tout pral tèt bese. Moun pral pase yo nan betiz.
Isaiah 46:1Bèl ak Nebo, zidòl moun Babilòn yo, fini. Y'ap mete estati yo sou do bèt. Zidòl nou te konn ap leve anlè nan posesyon yo tounen yon chay lou sou do bèt yo ki tou bouke.