Haggai 2:21
-Pale ak Zowobabèl, gouvènè peyi Jida a, di l' pou mwen: Mwen pral souke syèl la ak latè a.
Bib La
In The King James Version
Speak to Zerubbabel, governor of Judah, saying, I will shake the heavens and the earth;
In Context
20Menm jou sa a, ki te vennkatriyèm jou nan mwa a, Seyè a bay Aje yon dezyèm mesaj. Li di l' konsa:
Cross References
Ezra 2:2Men moun ki te alatèt yo: Se te Zowobabèl, Jozye, Neemi, Seraja, Reelaja, Madoche, Bilchan, Mispa, Bigwayi, Reyoum ak Baana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak fanmi:
Psalms 46:6(046:7) Moun lòt peyi yo ap bat kò yo, chèf gouvènman yo pran lezam. Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble.
Ezekiel 38:19M'ap fè gwo kòlè, m'ap move. Mwen sèmante jou sa a, pral gen yon sèl tranblemanntè nan peyi Izrayèl la.
Haggai 1:1Nan dezyèm lanne rèy wa Dariyis nan peyi Pès la, premye jou nan sizyèm mwa a, Seyè a te bay pwofèt Aje yon mesaj pou Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ki te gouvènè peyi Jida ansanm ak pou Jozye, pitit gason Jozadak la, ki te granprèt lè sa a. Men mesaj la:
Haggai 2:6Paske men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Anvan lontan, mwen pral souke syèl la ak latè a, lanmè a ak tè yo.
Hebrews 12:26Nan tan lontan, lè Bondye te pale, tè a te tranble. Men, koulye a, li fè nou pwomès sa a: Yon lòt fwa, se pa latè a ase m'ap fè tranble. M'ap fè syèl la tranble tou.