The Bible Software
bible.software › Hebrews › Hebrews 12 › Hebrews 12:26

Hebrews 12:26

Nan tan lontan, lè Bondye te pale, tè a te tranble. Men, koulye a, li fè nou pwomès sa a: Yon lòt fwa, se pa latè a ase m'ap fè tranble. M'ap fè syèl la tranble tou.

Bib La

In The King James Version

Whose voice then shook the earth: but now he hath promised, saying, Yet once more I shake not the earth only, but also heaven.

In Context

25Veye kò nou! Pa refize koute pawòl moun k'ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawòl moun ki t'ap ba yo avètisman Bondye sou latè a, yo pa t' chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k'ap pale ak nou antan l' nan syèl la.

27Lè li di yon lòt fwa li fè nou konprann lè sa a se tout bagay Bondye te kreye yo ki pral pran tranble. Yo pral disparèt. Konsa se bagay ki byen fèm yo k'ap rete.

Read all of Hebrews 12

Cross References

Psalms 114:6Nou menm mòn yo, sa nou genyen pou n'ap sote ponpe konsa tankou bouk kabrit? Nou menm ti mòn yo, poukisa n'ap sote ponpe tankou ti mouton?

Isaiah 13:13Se poutèt sa, jou mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m'a fè move san an, jou m'a fè gwo kòlè mwen an, m'ap fè syèl la tranble, m'ap fè tè a kite plas kote li ye a.

Habakkuk 3:10Mòn yo wè ou, yo pran tranble. Gwo lapli ap tonbe soti nan syèl la. Dlo anba tè yo ap gwonde. Gwo lanm lanmè ap leve byen wo.

Haggai 2:22Mwen pral jete wa k'ap gouvènen yo, mwen pral detwi pouvwa nasyon yo. Mwen pral chavire cha lagè yo ansanm ak moun ki sou yo. Tout chwal yo pral mouri. Pou moun ki te sou chwal yo menm, yonn pral touye lòt ak nepe yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Hebrews 12:26

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hebrews 12:25Hebrews 12Hebrews 12:27 →