Hebrews 1:11
Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo fini tankou rad.
Bib La
In The King James Version
They shall perish; but thou remainest; and they all shall wax old as doth a garment;
In Context
Cross References
Psalms 29:10Seyè a te chita sou fotèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan.
Isaiah 34:4Tou sa ki nan syèl la, solèy, lalin ak zetwal yo, pral disparèt. Yo pral woule syèl la tankou yon woulo papye pote ale. Tou sa ki nan syèl la pral tonbe tankou fèy pye rezen ak fèy pye fig frans lè y'ap jete fèy.
Isaiah 44:6Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.
Isaiah 51:6Leve je nou gade syèl la! Voye je gade latè! Syèl la pral disparèt tankou lafimen. Latè pral fini tankou yon vye rad. Moun ki rete sou latè pral mouri tankou mouch. Men, delivrans m'ap ba yo a ap la pou tout tan. Mwen p'ap janm bezwen delivre yo ankò apre sa.
Isaiah 65:17Mwen pral fè yon lòt syèl ak yon lòt tè. Pesonn p'ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p'ap janm vin nan tèt yo ankò.
Mark 13:31Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.