Hebrews 10:30
Nou menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l' jije pèp li a.
Bib La
In The King James Version
In Context
31Aaa! Se yon bagay terib wi, pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!
Cross References
Deuteronomy 32:35Se Seyè a k'ap tire revanj sou yo, se li k'ap fè yo peye sa yo fè a, lè lè a va rive pou yo tonbe. Jou pou yo detwi yo a pa lwen. Sa ki pare pou yo a fin rive.
Psalms 94:1Seyè, ou menm Bondye ki gen dwa tire revanj lan, parèt non pou fè yo wè ki moun ou ye.
Psalms 98:9Paske, l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè! L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite.
Isaiah 59:17Li mete jistis anwo li tankou yon plak pwotèj pou lestonmak li. Li mete pouvwa pou sove a tankou yon kas nan tèt li. Li mete pouvwa revanj li sou li tankou yon palto, li vlope kò l' ak fòs pou l' pran defans moun li renmen yo.
Isaiah 63:4Mwen te chwazi nan kè m' jou pou m' te tire revanj pou pèp mwen an. Lè pou m' te pini lènmi l' yo te rive.
Ezekiel 34:17Pou nou menm, mouton m' yo, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen voye di nou. Mwen pral jije nou chak. M'ap mete bon yo yon bò, move yo yon bò, belye mouton yo yon bò, bouk kabrit yo yon bò.