The Bible Software
bible.software › Hebrews › Hebrews 10 › Hebrews 10:29

Hebrews 10:29

Nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap meprize Pitit Bondye a, yon moun ki pran san Pitit Bondye a pou anyen, san ki sèvi pou siyen kontra Bondye a, san ki mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, san ki mete nou apa pou Bondye a. Wi, nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap joure Lespri Bondye ki ban nou favè li a. Nou tou konnen li merite yon pi gwo chatiman.

Bib La

In The King James Version

Of how much sorer punishment, suppose ye, shall he be thought worthy, who hath trodden under foot the Son of God, and hath counted the blood of the covenant, wherewith he was sanctified, an unholy thing, and hath done despite unto the Spirit of grace?

In Context

28Lè yon moun te dezobeyi lalwa Moyiz la, depi te gen de osinon twa moun ki vin depoze kont li, se touye pou yo te touye l' san pitye.

30Nou menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l' jije pèp li a.

Read all of Hebrews 10

Cross References

2 Kings 9:33Jeou di yo: —Voye Jezabèl jete anba! Yo voye Jezabèl jete anba. San li gaye sou tout miray la ak sou chwal yo. Jeou fè chwal li yo ak cha lagè li a pase sou kadav la.

Psalms 143:10Se ou menm ki Bondye mwen. Moutre m' jan pou m' fè sa ou vle m' fè a. Jan ou gen bon kè, fè lespri ou mennen m' nan chemen ki pa gen move pa.

Isaiah 28:3Li pral pilonnen anba pye li sa ki te fè lògèy gwògmann yo, chèf peyi Efrayim yo.

Jeremiah 1:5-Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou ou te yon pwofèt pou nasyon yo.

Ezekiel 16:6Mwen vin ap pase bò la, mwen wè ou t'ap benyen nan san ou. Atout ou t'ap benyen nan san ou, mwen di mwen p'ap kite ou mouri, se pou ou viv.

Zechariah 12:10M'a fè pitit pitit David yo ak moun lavil Jerizalèm yo gen bon kè. M'a fè yo konn lapriyè nan pye m'. Y'a leve je yo gade m', y'a wè moun yo te pèse a. Y'a nan gwo lapenn pou li tankou moun ki pèdi sèl pitit li te genyen an. Y'a pete rele tankou moun ki pèdi premye pitit gason yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Hebrews 10:29

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hebrews 10:28Hebrews 10Hebrews 10:30 →