The Bible Software
bible.software › Hebrews › Hebrews 10 › Hebrews 10:33

Hebrews 10:33

Yon lè, se nou menm yo t'ap joure, yo t'ap maltrete devan tout moun. Yon lòt lè, se nou menm, pou tèt pa nou, ki te al pran pou moun yo t'ap joure yo, pou moun yo t'ap maltrete yo.

Bib La

In The King James Version

Partly, whilst ye were made a gazingstock both by reproaches and afflictions; and partly, whilst ye became companions of them that were so used.

In Context

32Chonje sa ki te rive nou nan tan lontan. Lè sa a, nou te fèk fin resevwa limyè Bondye a, nou te soufri anpil. Men, nou te kenbe fèm nan batay la.

34Nou te soufri ansanm ak tout moun ki te nan prizon. Menm lè yo te sezi tout byen nou yo, nou te kontan asepte pèdi yo, paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi bon, k'ap la pou tout tan.

Read all of Hebrews 10

Cross References

Psalms 69:9(069:10) Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m' santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure.

Psalms 74:22Leve non, Bondye! Defann kòz ou! Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen!

Psalms 89:51(089:52) Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap joure, jan y'ap joure wa ou te chwazi a kote l' pase.

Nahum 3:6Mwen pral kouvri ou ak salte. Mwen pral avili ou, pou tout moun ka wè jan ou pa bon.

1 Corinthians 4:9Men, nou menm apòt Kris yo, gen lè Bondye mete nou dèyè nèt. Nou tankou moun yo kondannen amò pou yo touye sou plas piblik; nou tounen yon espektak pou tout moun, ni pou zanj yo nan syèl la, ni pou moun sou latè.

Philippians 1:7Se tou nòmal pou m' fè lide konsa sou nou, paske nou toujou nan lespri m', nou tout ki kanpe la avè m' nan tout favè Bondye fè m', kit lè mwen nan prizon tankou koulye a, kit lè mwen te lib pou m' defann bon nouvèl la, pou m' moutre se laverite li ye.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Hebrews 10:33

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hebrews 10:32Hebrews 10Hebrews 10:34 →